top of page

PAL CLUB, KIYES NOU YE

Pou rive ak gro objektif sa yon komite jesyon byen solid etabli ak yon manda 1 an renouvlab pou koordone aktivite club la.  Komite sa la pou li reyini ak tout manb club la regulyèman pou tande yo e mete yo o kouran de tout aktivite club la. Yo la tou pou ankouraje manb yo nan pote lide tou nèf kap rejenere sit la de tan zantan. Pa janm ezite poze yo kesyon sou kòman ak kijan ou kapab entegre bel fanmi sa. Sonje Byen nou Devan, Sa wap Tann​

 

Pal Club se yon Fan Club HaitiPal ki etabli nan objektif pou ranfòse patisipasyon zanmi HaitiPal yo nan sit la. Travay bel men li pa piti, patisipasyon chak moun aktivman se yon kout pous nan voye Haitipal monte pou kenbe banyè fyète aysyen kòm pèp. Pal Club gen pou misyon akonpanye estaf Haitipal la nan Planifye, òganize aktivite pou sila yo ki vini sou sit la. Yo tou bay konsèy ak sijesyon sou kòman sit la dwe sèvi Pal yo pi byen. Vini manb Pal Club Senp Jis ranpli fòm nan epi Konsanti Peye 5 dola US pa mwa ou 55 dola pa ane pou ede Club la fonksyone. Enskri.

Se yon mwayen pou nou pa rete chita gade, itilize selman, men tou patisipe nan konstriksyon gro sosyete sa ki se HaitiPal. Nou renmen HaitiPal, nou ta renmen li toujou rete pi gro sit Sosyal Mond la. Poutèt sa nou mete men nan travay la, nou se aysyen nou konnen byen ke men anpil chay pa lou. Se yon fyète pou nou sèvi yon sit kap sèvi nou. Nou santi santi nou byen nan Club la. HaitiPal se randevou tout aysyen tout kote, Patisipasyon sa fè nou santi ke nap ede pèp nou ak nasyon nou vanse pou pi douvan. Nou devan, Sa wap Tann.



      Men-m jan ak yo nou konnen HaitiPal se pasyon ou, pas tan ou, Kote ou ri, kote ou amize ou, kote ou enfòme ou sou tout sa kap pase nan peyi Dayiti. Travay sa ap fèt pi byen si ou deside fè on pa an avan. Vini manb Pal Club, HaitiPal e Kontribye nan travay enpòtan sa. Anplis wap ede men tou wap klase pami manb espesyal nou yo e profite de anpil avantaj tankou: Gen aksè dirèk ak Sal PalClub la, Prezante Ribrik nan emisyon PalClub, Modere sije Jounen an, genyen Kredi  chak mwa gratis pou fonksyone nan sal san bliye aksè pou mete kamera menm limit la rive. Nap envitew enskri kounyè-a pou vini manb Pal Club

                                                                                                                                                                                              OLE!! Sekretè Jeneral



bottom of page